Jean Armory Auguste (Creole)

February 15, 1941 - April 05, 2024

Text:

Obituary for Jean Armory Auguste (Creole)

Avèk lapenn, nou anonse lanmò Jean Armony Auguste, ke nou te rele ak afeksyon Pè Ogis, vandredi 5 avril 2024. Li te gen 83 zan. Li te fèt 15 fevriye 1941, nan Bon-Repos, la plenn Kildesak, Ayiti. Jean Armony fini yon batay ak kansè nan lapè lakay li, antoure ak fanmi pwoch li. Jean Armony mouri anvan manman li, Caridad Sanon, ki kounyea gen 104 an.

Jean Armony se te yon mari, papa, granpapa, bòpè, frè, tonton, konseye, ak yon zanmi moun fè konfyans. Pasyon li pou agrikilti ak angajman li nan kominote li te fè anpil moun konnen e renmen li.

Jean Armony kite dèyè yon eritaj lanmoun pou fanmi e patri ak respè pou tout pitit fi, pitit gason, pitit-pitit li yo, anpil neve, nyès, ak tout moun lavi li te touche pwofondman.

Nan fen ane 1970 yo, Jean Armony te imigre nan Boston, kote li te etabli vi li epi vini yon manb aktif nan kominote a. Li te montre valè li nan travay di ak devouman pou fanmi li; Jean te pran retrèt nan laj depase 65 an, nan 2 travay, yon travay aplentan ak lòt travay a tan pasyèl.

Jean Armony te viv dapre prensip respè tèt li, entegrite, ak rekonesans. Li te entabli nan fanmi li enpòtans pou chak moun onore pawòl yo epi pou chak moun pa janm bliye rasin yo. Pawòl kle ki te gid li se—"Viv ak diyite e rekonesans pou ou ka mouri ak onè e ak lapè"—pawol sa yo se eko nan kè pitit li yo e pitit-pitit li yo.

Menm an fas advèsite, Jean Armony te rete yon poto fò e nan trankilite.

Lè yon dòktè te poze li kesyon sou konpòtman trankil li, li te atribiye sa ak lanmou ak lafwa fanmi li, li te mete aksan sou ajitasyon ki pa janm rezoud anyen. Sajès Jean te enspire anpil moun ki te gen privilèj pou yo konnen li.

Nan onore memwa Jean Armony Auguste, ke nou tout fanmi an fè efò pou nou viv ak menm favè, diyite, ak lafwa enkondisyonèl ki te defini lavi li.

Fanmi Auguste, ansanm ak fanmi pwolonje yo (mari ak madanm chak pitit li yo), eksprime rekonesans yo ak tout moun ki ofri mo rekonfò ak kondoleyans pandan moman difisil sa.

Live Stream

Services

12 Apr

Visiting Hours

05:00 PM - 08:00 PM

Dolan Funeral Homes and Cremation Services- DORCHESTER LOWER MILLS 1140 Washington Street Dorchester, MA 02124 Get Directions »
13 Apr

Mass of Christian Burial

10:30 AM - 11:15 AM

Our Lady of Mount Carmel Parish 1548 Blue Hill Avenue Mattapan, MA 02126 Get Directions »
13 Apr

Burial

11:45 AM

Cedar Grove Cemetery 920 Adams Street Dorchester Center, MA 02124 Get Directions »
by Obituary Assistant

Live Stream

Photos & Video

Add New Photos & Video

Condolences